Ou merite yon bon fwaye ki an sekirite.

Tout moun gen dwa pou yo gen yon fwaye ki an sekirite – san okenn movèz kondisyon nan kay la. Sit wèb sa a pral ede w detèminen si lakay ou sekirize selon kondisyon kòd sanitè eta a. L ap ede w jwenn reparasyon ou bezwen yo.

Rezoud pwoblèm kay ou genyen yo

Aprann ki diferan fason ou kapab rezoud pwoblèm ou genyen ak kay la.

Dokimante pwoblèm nan

Li enpòtan pou kenbe bon dosye. Li bon pou w gen yon prèv de pwoblèm nan epi kantite tan pwoblèm nan la.

Mete pwopriyetè ou okouran

Pwopriyetè ou sèlman gen responsablite pou l ranje pwoblèm yo si yo okouran de pwoblèm yo. Pou w asire w ke pwopriyetè a okouran de pwoblèm ki genyen ak kay la, pale avèk yo de sa, menm si ou panse yo ta sipoze konnen deja. Ou gen dwa pou w pwoteje kont tout zak reprezay si w pòte yon plent bay pwopriyetè ou konsènan move kondisyon nan kay la.

Rele yon enspektè kay

Tout moun gen dwa pou yo benefisye de yon enspeksyon apatman an ki fèt pa yon fonksyonè pou asire ke apatman an reponn ak kritè yo ki nan kòd la. Si w ap viv nan kay leta oswa si w gen yon sibvansyon nan kad Seksyon 8, Direksyon Lòjman an pral enspekte kay ou omwen yon fwa chak ane. Ou ka rele si ou bezwen pou yo vini anvan dat la. Find your inspector here.

Get an order from a judge

Get an emergency order or an order for your landlord to pay you money.

Anpeche degèpisman ou

You can use the sanitary code to defend against an eviction. Stop my eviction.

Se ou ki chwazi sa pou fè. UpToCode helps you get the repairs you need.

Men kòman sa fonksyonen

Up to Code pral ede w rezoud pwoblèm ou genyen ak movèz kondisyon nan kay la.

1

Dokimante pwoblèm ou genyen nan chak pyès nan kay la.

2

Chwazi yon pwochèn etap pou w ka asire w ke pwopriyetè ou a ranje pwoblèm yo.

3

Telechaje dokiman sit wèb sa a te kreye pou w yo.

illustration of a young man working at home on computer
yellow circle

Sit wèb sa pa danjere pou w itilize

Li ilegal pou pwopriyetè ou fè nenpòt bagay pou fè w mal poutèt ou te mande l fè reparasyon. Pwopriyetè ou pa gen dwa monte kòb lwaye a ni eseye mete w deyò nan kay la poutèt ou te pale l de kèk bagay ki bezwen repare.

Rapid, gratis ak fasil pou itilize!

Pifò lokatè pran anviwon 20 minit pou yo itilize sit wèb sa a.

UpToCode te rann li fasil pou mwen pou m te enspekte apatman mwen an poukont mwen epi pou m te dokimante pwoblèm ki te genyen yo. Kounyeya poutèt mwen konprann ki dwa mwen genyen antanke lokatè, mwen kòmanse ap pataje sa m te aprann nan ak lòt moun.

Natalia
Chelsea, Massachusetts